top of page

Pwojè “Jere fatra – Bay fatra valè”

Kanpay Sansibilizasyon kont fatra

« Ann mobilize pou n kouri dèyè fatra nan vil Pòdepè » se sou tèm sa a Kanpay sansibilizasyon nan lekòl yo nan kad pwojè sa a te demare semèn sa a. Pwojè sa a ki jwenn sipò finansman « Equipe PEP » rantre nan kad konba GADEL ap mennen pou kenbe anviwonman an pwòp nan vil Pòdepè. Responsab lekòl nou pase deja yo tankou « Ecole Notre Dame de Fatima, Institution Mixte du Nazareen ak Collège Evangelique Baptiste Eben-Ezer» pa kache lakontantman yo fas ak bèl pwojè sa a k’ap ede yo kenbe lakou lekòl yo pwòp ak mobilize elèv yo pou yo devlope yon atitid sitwayen k’ap pèmèt yo grandi ak responsabilite yo fas ak anviwonman kote y’ap viv la.

Sou bò pa yo, divès elèv pa kache satisfaksyon yo pou bèl pwojè sa GADEL ap enplemante nan lekòl yo. Gen anpil ki mande pou nou rive ak pwojè sa a nan katye bò lakay yo pou pèmèt yo rive kwape fatra toupatou kote yo pase epi pou plis moun rive touche pa seri kanpay sa yo. Anpil nan yo pwomèt pou yo kontinye pataje enfòmasyon sa yo ak paran yo lakay yo epi ak lòt moun sou katye yo.

Kanpay sansibilizasyon an ap kontinye

fè chimen l yon fason pou nou rive kouvri tout 13 lekòl ki fè pati pwojè a.


GADEL HAÏTI
Posts Récents
Archives
Retrouvez-nous
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
bottom of page